#28
Kreyòl

L’amou BonDye

Time: 4/4

Collection & Section

Chant d'Espérance (Chan Espérans)Chant d'Espérance (Chan Espérans)

Verse 1

1

Lanmou Bondye pi gran pase

Tout sa lang moun ak zanj ka di;

L ale pi lwen pase zetwal,

Li jwenn moun ki te fin pèdi.

Pitit Bondye chèche moun ki

Nan lapenn ak peche;

Si yo rekonèt peche yo,

Li prèt pou padone.

Refrain

Lanmou Bondye li rich, li pi;

Li san mezi, li fò;

Lanmou sa a dire tout tan,

Se kantik tout zanj yo.

Verse 2

2

Lè tout jou ak lane pase,

Lè tout twòn, tout wa fin tonbe;

Lè moun ki pa priye jodi

Va chache mwayen pou sove.

Lanmou Bondye va la toujou,

L a san mezi, l a fò;

L a fòs Bondye pou sove nou,

L a kantik tout zanj yo.

Verse 3

3

Si tout dlo lanmè te ka lank

Si tout syèl la te ka papye

Si tout bwa sou latè te plim,

E tout moun te kapab ekri;

Pou yo ekri lanmou Bondye

Lamè ta fin seche

E syèl la pa ta ka kenbe

Tout zèv lamou l te fè.