#20
Kreyòl

Chemin An Pa Facil

Time: 4/4

Collection & Section

Chant d'Espérance (Chan Espérans)Réveillons-Nous (Ann Reveye)

Verse 1

1

Chemen an pa fasil

Jouk nou rive nan syèl la,

Li genyen pikan e pyèj anpil.

Chemen an pa fasil

Men Jezi mache ak nou

Li rann kè nou toutafè trankil.

Refrain

Non, non, chemen an pa fasil _(2 fwa)

Men Jezi mache ak nou

Li pote fado nou

Gras li fè kè nou rejwi anpil.

Verse 2

2

Chemen an pas fasil,

Genyen eprèv, gen traka

Tout kote nou pase gen danje

Wout la mèt difisil

Si Jezi kenbe men nou

N a rete fèm lè pye nou glise.

Verse 3

3

Kò nou konn fatige,

Dekouraje nan wout la

Epi Satan konn vin tante nou.

Men n ape tann Senyè nou.

K ap parèt nan glwa Li

L ape pran nou ak Li yon bèl jou.