#61
Kreyòl
Sere'm Pi Pre Ou, Tou Pre Ke ou
Time: 4/4
Collection & Section
Chant d'Espérance (Chan Espérans) → Chant d'Espérance (Chan Espérans)
Verse 1
1
Sere m pi pre ou, tou pre kè ou
Ou se trezò mwen, ou se Sovè m tou.
Kenbe m, o kenbe m, Bondye damou.
Fè m jwenn yon kote pou m kache nan ou. _(2 fwa)
Verse 2
2
Sere m pi pre ou; m pa gen anyen,
Okenn bèl ofrann pou Jezi wa mwen;
Sèlman yon kè ki te plen peche.
Men mwen, Jezi, san ou koule pou mwen. _(2 fwa)
Verse 3
3
Sere m pi pre ou, Senyè Jezi.
Se pa pou monn sa a kè mwen gen dezi.
Mwen lage peche ak tout lògèy.
Ban m sèlman Jezi Senyè m krisifye. _(2 fwa)
Verse 4
4
Sere m pi pre ou, pandan vi sa a,
Jouk tan m a la avèk ou nan laglwa,
Pou mwen rete toujou avèk ou,
Pi pre ou Sovè m, pi pre ou toujou. _(2 fwa)