#74
Kreyòl
Ala yon Zanmi sé Jezu
Time: 4/4
Collection & Section
Chant d'Espérance (Chan Espérans) → Chant d'Espérance (Chan Espérans)
Verse 1
1
A la yon zanmi se Jezi !
Tout peche nou se chaj li.
A la yon byenfè pou pote
Penn ba li nan lapriyè!
Konbyen fwa lapè nou pèdi,
Konbyen chagren nou sibi;
Pouki ? Paske nou pa pote
Tout ba li nan lapriyè.
Verse 2
2
Si gen tantasyon ak touman,
Ou traka nenpòt kouman,
Nou pa pou janm dekouraje:
Jezi la nan lapriyè
Kilès zanmi ki si fidèl,
Ki fè nanm bliye doulè l ?
Jezi konnen sa feblès ye:
Jwenn ak li nan lapriyè.
Verse 3
3
Nou santi n fèb ? Nou pa kapab ?
Kilès flo n ape pase ?
Sovè a di li responsab:
Jwenn ak li nan lapriyè.
Si zanmi ou yo bliye ou,
Di Kris sa, l ap tande ou.
L ape tann ou bra li louvri.
Jezi vle ba ou lavi.