Wout lavi se kon yon chemen
Collection & Section
Chant d'Espérance (Chan Espérans) → Mélodies Joyeuses (Melodi Jwayez)
Verse 1
Wout lavi se kon yon chemen,
Ladan gen anpil danje;
Li di anpil, e li fènwa,
gen labou, li byen glise.
Fòk nou veye nan chak moman,
Si nou vle fè chemen sa a,
Se pou n jwenn
Yon moun kondwi nou.
Epi swiv li pazapa.
Refrain
O Bon Sovè, vin kondwi mwen!
Fè mwen rive jouk lòtbò
Kote zanj yo ap chante non ou,
E mwen p ap tounen ankò.
Verse 2
N ap monte epi n ap desann,
gen falèz agoch, adwat,
Mòn la rèd, e wout la glise,
Li apik epi etwat.
Fò n bay gid la kenbe men nou,
Si nou vle fè chemen sa a;
Se pou n fikse je nou sou Li,
Epi swiv Li pazapa.
Verse 3
Gen lòt wout ki laj e ki bèl,
Men yo pa ka fè n rive
Lòtbò mòn nan avèk Jezi,
Kote zanj yo ap chante.
O Jezi, pa kite m tonbe,
Ni bwonche nan chemen sa a!
Men kenbe m pi pre ou toujou,
M ape swiv ou pazapa.