#2
Kreyòl
Se sou mòn Gòlgota
Time: 4/4
Collection & Section
Chant d'Espérance (Chan Espérans) → La Voix du Réveil (Vwa Revèy la)
Verse 1
1
Se sou mòn Gòlgota,
Yo te plante yon kwa,
Kote brigan te gen pou mouri,
Men se sou menm kwa sa a,
Kris te mouri pou mwen,
Pou m kapab pataje tout glwa li.
Refrain
Yo te klouwe Jezi sou lakwa;
E se la li te mouri pou mwen.
M ape viv nan glwa Li sou tè sa a
E yon jou m ava wè Li nan syèl.
Verse 2
2
Pou tout sa k te rive,
Sou lakwa nan jou sa a,
Mwen va toujou gen rekonesans;
Paske sa Jezi fè,
Li te fè l nan plas mwen,
Pou ban mwen lavi an abondans.
Verse 3
3
Kon yo touye Jezi
Ki se pitit Bondye,
Yo pa vle wè kretyen yo nonplis;
Men mwen pito swiv Li
Nan tout sa k ap rive,
Pase tout sa m ka jwenn sou tè sa a