#30
Kreyòl

Mwen t ap mache nan yon Wout difisil

Time: 4/4

Collection & Section

Chant d'Espérance (Chan Espérans)L'Ombre du Réveil (Lonbraj Revèy la)

Verse 1

Mwen t ap mache nan yon

Wout difisil, plen danje

Lè touswit mwen fè

Rankont ak nonm sa a.

Li di mwen: pitit mwen,

Vini jwenn mwen, pa mize

M obeyi san plenyen e san pè

E li kenbe men m.

Refrain

Non li se Jezi nanpwen lòt kon li

Non li se Jezi, vin adore li.

Sa se sijè kontantman kè mwen

Mwen wè Sovè a.

Verse 2

Chemen mwen te kòmanse

Vin fasil, byen fasil

Lè mwen vin rekonèt se te nonm sa a

Ki yon jou li te bay lavil

Sou lakwa pou sove m

Kontantman ak lajwa plen kè mwen

Mwen wè Sovè a.

Verse 3

Ki gran jou sa va ye

Lè l a tounen vin chache m!

Tout Kriye, doulè, soufrans va fini

M a rejwi avèk tou zanj

Nan syèl la, pou toutan

Malè pou sa ki [a t janm vle kwè.

Nan syèl Sovè a.

Media