San Jezi mwen pa kapab viv
Collection & Section
Chant d'Espérance (Chan Espérans) → Chant d'Espérance (Chan Espérans)
Verse 1
1
San Jezi mwen pa kapab viv
Mwen pa ka fè yon sèl pa;
Se li menm sèl mwen ta vle suiv.
M ap suiv li jouk sa kaba.
Refrain
Anyen mwen pa gen pou m krenn
Puiske Sovè m ap veye m;
M ap suiv li san mwen pa plenyen
Li p ap kite mwen neye.
Verse 2
2
Amou li avèk pwomès li
Ranpli kè m ak yon gran jwa;
Mwen mèt tou fèb mwen mèt kagou,
M sèten l ap ban m laviktwa.
Refrain
Anyen mwen pa gen pou m krenn
Puiske Sovè m ap veye m;
M ap suiv li san mwen pa plenyen
Li p ap kite mwen neye.
Verse 3
3
Lè fènwa vin pou fè m tranble,
Avèk li mwen brav anpil;
Lè vwa satan ape gwonde
Mwen rete dousman, trankil.
Refrain
Anyen mwen pa gen pou m krenn
Puiske Sovè m ap veye m;
M ap suiv li san mwen pa plenyen
Li p ap kite mwen neye.
Verse 4
4
Jezi, wete tout sa k pa pwòp
Nan kè mwen, pou mwen mache;
Pirifye mwen, lave m, fè m pwòp
Jan Bondye vle pou mwen ye.
Refrain
Anyen mwen pa gen pou m krenn
Puiske Sovè m ap veye m;
M ap suiv li san mwen pa plenyen
Li p ap kite mwen neye.