Mouin gin gnou fè-m asurans
Collection & Section
Chant d'Espérance (Chan Espérans) → Échos des Élus (Eko Eli yo)
Verse 1
1
Pran lavi m, Senyè Jezi,
Mwen vle konsakre l ba ou.
Pran chak è e pran chak jou,
Tout tan mwen vle louwe ou. (2 fwa)
Verse 2
2
Pran men mwen yo, Jezikri,
E sèvi ak yo, tanpri.
Pran pye mwen yo tou, Senyè,
Pou kouri pou ou tout è. (2 fwa)
Verse 3
3
Pran vwa mwen, e kite mwen
Chante pou ou, ki Wa mwen.
Pran lèv mwen yo, ranpli yo
Ak mo ki soti anwo. (2 fwa)
Verse 4
4
Pran lò mwen ak lajan m tou,
Tou sa m genyen se pou ou.
Pran lespri m ak tout fòs mwen,
Sèvi ak yo jouk lafen. (2 fwa)
Verse 5
5
Pran volonte pa m Senyè;
Sa ou vle, se sa m a fè.
Pran kè mwen, li pou ou tou,
Li va sèvi lakay ou. (2 fwa)
Verse 6
6
Pran lanmou mwen, Senyè mwen,
Fè l pou ou yon bagay sen.
Pran mwen menm, m vle viv toujou
Ak tout fòs sèlman pou ou. (2 fwa)