#49
Kreyòl
Lemonn vle mwen swiv plezi li
Time: 4/4
Collection & Section
Chant d'Espérance (Chan Espérans) → Chant d'Espérance (Chan Espérans)
Verse 1
1
Lemonn vle mwen swiv plezi li,
Men, m pito swiv Jezi;
Lemonn pa ka ban mwen lavi,
Mwen vle sanble Jezi.
Refrain
Sanble Jezi, se dezi m,
Lè mwen sèl ou pami moun;
Sanble Jezi nan tout vi m,
Mwen vle sanble Jezi.
Verse 2
2
Li te kraze chenn peche m yo;
Mwen vle sanble Jezi;
Pou nanm mwen ka sèvi l pi fò,
Mwen vle sanble Jezi.
Refrain
Sanble Jezi, se dezi m,
Lè mwen sèl ou pami moun;
Sanble Jezi nan tout vi m,
Mwen vle sanble Jezi.
Verse 3
3
Mwen vle wè li nan Paradi
Pami zanj avèk sen;
Mwen vle tande bèl pawòl li
Lè l di “Ou te fè byen.”
Refrain
Sanble Jezi, se dezi m,
Lè mwen sèl ou pami moun;
Sanble Jezi nan tout vi m,
Mwen vle sanble Jezi.