MWEN VLE SANBLE AK JEZI
Collection & Section
Chant d'Espérance (Chan Espérans) → Haiti Chante Avec Radio Lumière (Ayiti Chante Avèk Radyo Limyè)
Verse 1
Mwen genyen yon pi gran dezi,
Pou mwen sanble ak Jezi;
Nanpwen yon lòt pi gran plezi,
Pase sanble ak Jezi.
Mwen vle kè mwen sèvi twòn Li,
Pou lemonn kapab chèche lavi,
Ou mèt wè li nan mwen tanpri,
Mwen vle sanble ak Jezi.
Verse 2
Li sèvi lezòt san rete,
Mwen vle sanble ak Jezi,
Li mache ak imilite,
Mwen vle sanble ak Jezi.
Pou tout foul la Li gen senpati,
Li pale yon mesaj beni,
Se pechè yo li akeyi,
Mwen vle sanble ak Jezi.
Verse 3
Lavi li te san tach e sen,
Mwen vle sanble ak Jezi;
Obeyisan jiska lafen,
Mwen vle sanble ak Jezi.
Lè tan Li rive pou mouri,
Padone yo, se sa li te di,
Pou moun sa yo ki te lènmi,
Mwen vle sanble ak Jezi.
Verse 4
Ala Kris viv yon vi pafèt!
Mwen vle sanble ak Jezi,
Se rekonpans l a ban mwen nèt
Lè mwen sanble ak Jezi.
Refrain
Fòs Li dwe kontwole tout lavi,
Pou mwen nanpwen lòt pi gran bi,
Pase sanble ak Jezi.