#115
Kreyòl

Kèk fwa nou jwenn tristès nan lavi nou

Time: 4/4

Collection & Section

Chant d'Espérance (Chan Espérans)Chant d'Espérance (Chan Espérans)

Verse 1

Kèk fwa nou jwenn tristès nan lavi nou,

Kèk fwa kè nou gen gwo fado tou;

Men nou ka konnen nenpòt sa k rive,

Jezi la pou toujou.

Refrain

Nan pwen fado Jezikri pa ka pote,

Nan pwen tristès li pa te genyen tou.

Malgre jou yo ka bay lajwa ou tristès,

Jezi la pou toujou.

Verse 2

Lè nou nan mitan pwoblèm lavi sa a,

Chaje ak tray avèk fado lou;

Nou gen konfò nan Jezi, Sovè a,

Jezi la pou toujou.

Verse 3

Lè n ap mache nan bèl wout isiba,

Konsa gen montay difisil tou;

Nan pwomès Bondye nou jwenn asirans,

Jezi la pou toujou.

Verse 4

M avèk ou toujou, Pawòl la di nou,

Bondye toujou reponn priyè nou;

Konfye ou nan pawòl li, pwomès li,

Jezi la pou toujou.

Media