#15
Kreyòl

Lè ou konte moun ki pou Jezi

Time: 4/4

Collection & Section

Chant d'Espérance (Chan Espérans)La Voix du Réveil (Vwa Revèy la)

Verse 1

Lè ou konte moun ki pou Jezi

Konte m ladan,

Nan moun ki konfye nan Pawòl Li,

Konte m ladan.

Refrain

Konte m pami pitit

Ki pou Wa syèl la

Konte m pami sèvitè k ap sèvi a,

Konte m pami moun sove alelouya,

Konte m ladan.

Verse 2

Lè ou konte moun ki nan lagras

Konte m ladan,

Sa yo an Kris ki genyen yon plas

Konte m ladan.

Verse 3

Lè ou konte temwen yo pou Kris,

Konte m ladan,

Ki va genyen kouwòn lajistis,

Konte m ladan.

Media