#5
Kreyòl
Chak pa mwen fè
Time: 4/4
Collection & Section
Chant d'Espérance (Chan Espérans) → Échos des Élus (Eko Eli yo)
Verse 1
Chak pa mouin fè, Sovè-m alé dévan mouin
Ak min Li kondui mouin nan bon chémin.
Nan zorèy Li mouin palé, m-adoré Li
Nan la joi maché ak Li chak jou.
Refrain
Chak pa mouin fè, konnin Jézu ap gidé-m
Nan gnou plin-n pi ro, Li toujou minnin-m,
Jouk tan gnou jou,
Mouin va fè dènié pa mouin
Chak pa mouin fè, kondui-m pi pré sièl la.
Verse 2
Lè asurans mouin kòmansé fayi
é dévan-m gin falèz infini.
Mouin viré jé-m, mouin gadé Bon Sovè mouin
Li sé fòs mouin, lè mouin maché avè-L.
Verse 3
Mouin konfié nan Kris, malgré sikonstans yo
Jézu gingnin pouvoua an abondans.
La pé kinbé klé ya, louvri pòt la
Pou Li minnin-m nan péyi promès la.