Te gen katrevendiznèf mouton yo
Collection & Section
Chant d'Espérance (Chan Espérans) → Chant d'Espérance (Chan Espérans)
Verse 1
1
Te gen katrevendiznèf mouton yo
Byen gade nan pak la;
Men gen youn ki te pèdi nan mòn yo,
Lwen kay k ap pwoteje l;
Lwen, lwen nan mòn sovaj e san non yo
Byen lwen swen bon Bèje ki renmen li,
Byen lwen swen bon Bèje ki renmen li.
Verse 2
2
Senyè, men ou gen katrevendiznèf,
Sa pa ase pou ou?
Men Bèje a te reponn: mouton pa m
Te egare lwen mwen.
Menm si chemen an di anpil, anpil,
M ale nan dezè pou jwenn mouton mwen,
M ale nan dezè pou jwenn mouton mwen.
Verse 3
3
Pa youn nan rachte yo pa janm konprann
Jan dlo a gen danje,
Nan nuit lè Mèt la t ap travèse l,
Pou jwenn mouton pèdi.
Lwen nan dezè a, li tande l kriye,
Malad, san sekou, li prèt pou mouri,
Malad, san sekou, li prèt pou mouri,
Verse 4
4
Senyè, pouki gen tach san toupatou
Nan tout wout nan mòn yo?
San sa a te vèse pou yon mouton
Ki te pèdi byen lwen.
Senyè pouki ou blese nan men?
Aswè a anpil pikan pike men m!
Aswè a anpil pikan pike men m!
Verse 5
5
Toupatou nan mòn anba gwo loraj,
Epi nan chemen wòch,
Yo tande yon rèl sòt jouk nan syèl la:
Ann rejwi, mwen jwenn li.
Zanj yo repete devan twòn Bondye:
«Ann rejwi Senyè a jwenn mouton an.
Ann rejwi Senyè a jwenn mouton an.»