Genyen yon sous tou plen ak san
Collection & Section
Chant d'Espérance (Chan Espérans) → Chant d'Espérance (Chan Espérans)
Verse 1
1
Genyen yon sous tou plen ak san,
Se san sovè Jezi.
Pechè yo ki benyen ladan l
Soti san tach e pi. (3 fwa)
Pechè yo ki benyen ladan l
Soti san tach e pi.
Verse 2
2
Volè a ki t ape mouri,
Li te rejwi jou sa.
E nanm mwen ki koupab kon li
Jwenn padon nan sous la. (3 fwa)
E nanm mwen ki koupab kon li
Jwenn padon nan sous la.
Verse 3
3
Sovè m, san ou ki te koule
Pa p janm pèdi pisans
Jouk lè pou tout legliz Bondye
Rejwi nan delivrans. (3 fwa)
Jouk lè pou tout legliz Bondye
Rejwi nan delivrans.
Verse 4
4
Depi mwen te wè tout bonte
Ou montre m nan bay lavi,
Lanmou w m ap chante san rete
Jouk lè m a va mouri. (3 fwa)
Lanmou w m ap chante san rete
Jouk lè w va delivrem.
Verse 5
5
Lè lang pa mwen va fin pale,
E kò mwen nan tonbo;
Louwanj Jezi m a va chante
Ak rachte yo anwo. (3 fwa)
Louwanj Jezi m a va chante
Ak rachte yo anwo.